| Yon refleksyon sou Leta - Une réflexion sur l'État |
|
|
|
JPAGE_CURRENT_OF_TOTAL Par Michèle Duviver Pierre-Louis Dans ce texte en créole Michèle Duvivier Pierre-Louis livre ses réflexions sur l'État moderne et Haïti. Nous en publions quelques extrait. Le texte intégral est téléchargeable ici. (..) Nan langaj kouran, yon konpwomi se yon antant ant diferan moun oubyen gwoup moun ki pa wè bagay yo menm jan, ki gen enterè ki pa menm, men ki rive chita ansanm, diskite, negosye, lè fini antann yo sou yon seri pwen pou yo avanse ansanm. Chak gwoup moun pèdi ti kras pou yo pa pèdi tout. Nan sans sa toulede ganyen. Men yon konpwomi toujou rete frajil, toujou gen pwen ki pou rediskite ak renegosye ant divès gwoup ki enplike nan konpwomi an. Gen lè tou, konpwomi an rive nan bout li, kesyon yo eklate, batay fèt jislè diskisyon mennen negosyasyon sou yon lòt konpwomi ki chita sou lòt baz.Lè nou di Leta modèn se pwodui yon konpwomi, ki sa nou vle di ? Nou eseye montre nan refleksyon sa kouman yon sosyete se yon antite ki konpleks. Gen yon seri gwoup moun k ap mennen yon kantite aktivite kote youn antre nan lòt san yo pa gen menm enterè, san yo pa gen menm vizyon sou kouman pou sosyete an ta dwe mache. Lè antèt Leta yo te deklare pouvwa yo an te soti nan bondye, pèson p at konteste sa. Oudimwens, sa te pran tan anvan yo te vin pa asepte kondisyon sa yo ankò. Men lè pouvwa an pa sot nan bondye ankò, lè se lèzòm ki pou tabli règleman sou fason pou sosyete an dirije, sou ki moun ki pou dirije l, aloske gen tout kontradiksyon sa yo nan sosyete an, kesyon an vin pi difisil pou regle. Se konsa kesyon eleksyon an vin parèt kòm eleman enpòtan ki pou pèmet chwazi dirijan politik yo. Men afè eleksyon sa li menm vin mennen gwo batay pou pouvwa. Istwa eleksyon nan tout peyi toujou mare ak korypsyon, vyolans, paske gwo enje eleksyon se kontwòl pouvwa pou defann yon seri enterè ekonomik ak politik ki divèjan ak enterè rès sosyete an espesyalman mas popilè yo. Nan moman Leta modèn lan vin kreye nan peyi Ewòp yo, gwoup moun ki te gen plis kapasite pou negosye fason pou sosyete an dirije se te gwo propriyetè yo, sa ki gen anpil tè yo, avèk negosyan yo, sa ki te kontwole aktivite komès yo, boujwa yo. De aktivite sa yo se te de gwo sous lajan nan sosyete an. Men yo te chaje ak kontradiksyon. Gwo propriyetè yo te vle se latè ki baz richès yo, kidonk se pwodiksyon agrikilti ak rant sou fonsye ki ta dwe priyorite an, aloske negosyan yo te vle se komès nasyonal ak entènasyonal ki pou baz richès sosyete an. Se yon gwo kontradiksyon ant sa yo rele « richès imobilyè », (tankou tè, kay…), ak « richès mobilyè » ki se lajan ki fèt nan achte vann, kredi, finans, enterè, tranzaksyon labank, asirans, labous, ak tout kalite kontra ak traktasyon finansye ki rapote pi plis pase travay latè oubyen rant sou propriyete ak kay. Boujwa yo rive entegre menm lasyans ak teknik nan kategori riches mobilyè an. Apre dives lese frape, de kategori sosyal sa yo rive antann yo. Yo negosye yon fason pou yo tabli yon Leta ki pou garanti enterè yo, menm lè yo asepte pèdi yon pati. Ki jan yo pèdi? Pou Leta mache, fòk li gen lajan. Ki kote pou lajan sa soti sinon bò kote moun ki gen lajan. De kategori moun ki gen plis lajan nan sosyete an se te sa nou sot pale yo. Kòm yo reprezante nan Leta a, yo asepte peye taks ak enpo pou Leta jwenn lajan pou li devlope sosyete an. An menm tan, Leta pwomèt pwoteje enterè yo, bay yo fasilite pou yo kontinye fè lajan, pou yo kontinye mennen biznis yo. Se sou baz sa konpwomi an te fèt. Sèlman, pou moun ki gen lajan yo kapab fè plis lajan toujou, yo oblije anplwaye ouvriye nan izin yo, oubyen anplwaye travayè sou tè yo. Kategori sosyal sa yo pa toujou rete gade gran nèg yo k ap fè lajan sou do yo aloske kondisyon lavi pa yo pa amelyore. Yo òganize yo yon fason, yo mennen gwo batay pou revandikasyon yo entegre nan konpwomi an tou. Sa rive fèt dives fason.
|